Premye Minis ayisyen an, Garry Conille, twouve l nan Washington kote l ap rankontre ak ofisyèl gouvènman ameriken an, dirijan Bank Mondyal epi manm Kongrè Lèzetazini an.
Nan premye pati jounen 6 fevriye a, Misye Conille rankontre ak direktè USAID a, Misye Raj Shah. Apre sa li te patisipe nan yon dejene ak administratè Fon Monetè Entènasyonal la pou Ayiti, Paulo Noguiera Batista.
Toujou nan kòmansman aprè midi a, pwogram sejou misye Conille la te prevwa yon rankont ak nouvo prezidan Fon Monetè Entènasyonal la, Christine Lagarde, anvan yon rankont avèk Robert Zoellick, prezidan Bank Mondyal la, epi Hassan Tuluy, vis-prezidan bank la pou Amerik Latin ak Karayib.
Anvan jounen an bout, Premye Minis la pral patisipe nan yon dine sou patwonaj NOAH (Oganizasyon Nasyonal pou Pwogrè Ayisyen) lakay prezidan òganizasyon sa a, Doktè Joseph Baptiste.
Nan jounen madi 7 fevriye a, nan maten, Misye Conille gen pou l rankontre ak 2 manm Kongrè ameriken an, Yvette Clarke ak Frederica Wilson; aprè sa, chèf gouvènman ayisyen an ap patisipe nan yon reyinyon ak prezidan Bank Entè-Ameriken Devlopman an, Luis Alberto Moreno.
Apre rankont sa a, LA BID ap ofri yon dejene an lonè Premye Minis Conille ak manm delegasyon ki akonpaye l la. Madi aprè-midi, vè 4 trè, chèf gouvènman ayisyen an va ran-kontre ak Senatè Eta Louisianne nan, Mary Landrieu.
Anfen, Anbasad ayisyèn nan Washington anonse Premye Minis Garry Conille pral rankontre kominote ayisyèn nan mèkredi 8 fevriye 2012 la.