Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Conille Rankontre ak Sekretè Jeneral OEA a


Premye Minis ayisyen an Gary Conille rankontre an prive ak sekretè Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken a, Jose Miguel Insulza
Premye Minis ayisyen an Gary Conille rankontre an prive ak sekretè Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken a, Jose Miguel Insulza

Sekretè Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken a, Jose Miguel Insulza, rankontre Premye Minis ayisyen an Gary Conille nan Washington kote yo diskite antwòt sou òganizasyon eleksyon yo ann Ayiti.

Premye Minis ayisyen an Gary Conille rankontre an prive ak sekretè Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken a, Jose Miguel Insulza, pou diskite sou òganizasyon eleksyon ann Ayiti ak Konsèy Elektoral la.

Chèf gouvènman ayisyen an, ki deja fè plizyè rankont nan kapital federal ameriken an, dakò ak sekretè jeneral OEA a sou nesesite pou peyi a kontinye avanse sou wout demokrasi a.

Prezidan Sena ayisyen an Senatè Desras Simon Dieuseul, te souliyen pou dirijan òganizasyon rejyonal la, eleksyon pou renouvle yon tyè sena a ak kolektivite terotoryal yo ta dwe dewoule pandan premye semès 2012 la.

Sekretè Jeneral OEA a Jose Miguel Insulza, bò kote pa l, di Ayiti bezwen ankourajman. Mesye Insulza di òganizasyon an ap travay ak otorite ayisyen yo e pati politik yo pou mete sou pye yon enstitisyon elektoral kap òganize eleksyon yo. Mesye Insulza rekonèt kowoperasyon entènasyonal la nesesè pou kore efò gouvènman ayisyen an.

Mesye Insulza di: "mwen kwè li enpòtan pou n ankouraje Ayiti pou l travèse moman difisil sa a. Se yon sitiyasyon espesyal le fèt ke peyi a òganize eleksyon yo malgre dega tranblemanntè a fè. Mwen kwè nou dwe ede ranfòse demokrasi nan peyi d Ayiti."

Premye Minis Gary Conille, ki te rankontre kèk jounalis nan Nasyonal Press Club la nan kapital ameriken nan, di li vini Washington pou l eksplike patnè entènasyonal yo gen pwogrè ki fèt nan peyi a depi tranblemanntè 12 Janvye 2010 la, menm si gouvènman an pa satisfè ak pwosesis rekonstriksyon an.

Chèf gouvènman an mande yon meyè kowòdinasyon pami kominote entènasyonal la pou sipòte pwosesis la. Selon chèf gouvènman an patnè tankou USAID, Bank Mondyal, BID, Fon Monetè Entènasyonal ak lòt enstitisyon dakò sou nesesite pou travay seryezman pou ane 2012 la pibon ke ane 2011 la pou peyi dAyiti.

XS
SM
MD
LG