Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Lapolis ak Brigad Anti Dwòg Ameriken Mete Men sou Doktè Jeanne Germeil yo Tap Chache


Estati senbòl jistis.
Estati senbòl jistis.

Lapolis ann Ayiti ansanm ak ajans anti Dròg ameriken arete jedi pase doktè Jeanne Germeil ki t al kache nan Pò Sali apre lajisitis nan Sid Florid te kondane l an Fevriye poutèt li te vann ilegalman medikaman opiyod ki itilize kont doulè. Doktè a t ap viv sou yon fo non ki rele Lacretia Roquel Pratt dapre enfòmasyon lapolis founi.

Dapre enfòmasyon sou depatman Jistis Etazini an, Dr Germeil te ekri 13 mil 759 preskripsyon pou pasyan san li pat konsilte yo. Nouvèl yo pa di si otoritie ayisyen yo remèt Dr. Germeil bay otorite amerikèn yo.

XS
SM
MD
LG