Accessibility links

Breaking News

Plis Kanpay Kont Laraj Nesesè ann Ayiti


Chyen ki fèk resevwa vaksinasyon nan kad yon kanpay pou elimine maladi laraj nan Peyi Kenya. (Foto: Hilary Heuler/VOA News. 17 desanm 2014).

<< Ayiti Pami Kat (4) Peyi sou Kontinan Ameriken an ki Genyen Maladi Laraj Toujou. >>

Se avèk tit sa a jounal Le National anonse yon atik sou prezans maladi laraj nan peyi d Ayiti (toujou?). Repòtè a, Kendi Zidor, baze atik la sou yon rapò ki sòti nan OPS (Oganizasyon Pan-Amerikèn Sante) e ki pibliye “done ki gen rapò avèk lit kont laraj” nan peyi nan rejyon an “pou peryòd ki ale ant fevriye 2017 a septanm 2018.”

Rapò a di chyen san mèt k ap flannen ak sila yo ki pa resevwa vaksen reprezante yon veritab menas pou lasante; sa ki kreye nesesite pou responsab yo montre yo pi agresif nan kanpay y ap mennen pou konbat maladi a.

Daprè OPS, chak ane se sèlman 100 milyon chyen ki resevwa vaksen kont laraj sou kontinan an. Sou plan sa a, chèchè yo konstate se yon veritab defi pou otorite lasante yo rive vaksinen popilasyon chyen k ap viv nan zòn ki lwen yo –defi ki prezante ni sou plan lojistik ni sou plan òganizasyon. Solisyon an se pou responsab yo jwenn mwayen pou yo transpòte vaksen yo nan bon kondisyon premyèman; epi, dezyèman, se pou yo vaksinen chyen yo yon jan, yon mannyè ki apwopriye.

28 Septanm se Jounen Entènasyona Kont Laraj.
28 Septanm se Jounen Entènasyona Kont Laraj.

Rapò OPS la vini ak yon rapèl: sè ke laraj se yon maladi ki ka touye ni moun, ni bèt; men gras ak vaksinasyon yo kapab anpeche moun ak bèt trape li.

Jan yon kretyen vivan pran maladi sa a, se lè yon chyen anraje mòde li. Peyi ki ann Amerik yo pran angajman pou yo lanse yo seryezman nan yon kanpay vaksinasyon antirabik dekwa pou yo desitire maladi a totalman vè ane 2022. Rezilta sa a mande yon kouvèti vaksinal ant 80% e 100%.

Nan Peyi d Ayiti, daprè atik Kendi Zidor la, malgre kanpay otorite konsène yo anonse epi mete sou pye regilyèman, lit la sanble li pa fasil ditou. Youn nan rezon yo se fenomèn kote chyen lage lib tou patou, tout kote e preske tout tan. An plis de sa, pa le fèt ke mèt chyen yo manke mwayen ekonomik, mete sou opinyon tradisyonèl pase e depase, majorite popilasyon an pataje – opinyon ki fè konprann yon chyen se yon kantite neglijab nan yon kay, “se kout wòch ou bay sa”- tou sa plase zannimo domestik sa a nan yon sitiyasyon kote li fasil pou l viktim tout kalte move tretman. Epi, akoz menm konpòtman tradisyonèl sa a, se moun rich e moun rich sèlman ki mennen chyen yo kay doktè veterinè.

XS
SM
MD
LG