Accessibility links

Breaking News

Ayiti Kidnapping: Christian Aid Ministries Oganize Yon Jounen Lapriyè ak Jen 1 Desanm pou Misyonè Gang Kidnapè yo


Foto Achiv: Lokal Christian Aid Ministries nan Titanyen, Ayiti.
Foto Achiv: Lokal Christian Aid Ministries nan Titanyen, Ayiti.

Christian Aid Ministries oganize yon jounen lapriyè ak jèn pou misyonè gang kidnape ann Ayiti.

Nan yon mesaj li pibliye sou sit web li, oganizasyon relije Christian Aid Ministries, ki gen 15 misyonè ki toujou nan men kidnapè ann Ayiti fè konnen li oganize yon jounen jèn ak priyè nan lonè manm misyon an ki poko libere.

"Sityasyon politik la ann Ayiti flou. Se poutèt sa dè milyon Ayisyen ap fè fas ak gwo defi chak jou, yo fè fas ak danje e yap goumen pou siviv. Lapriyè pou zanmi Ayisyen nou yo," dapre yon mesaj Christian Aid Ministries pibliye sou paj entènèt li a madi 30 Novanm nan.

Nap raple ke gang 400 Mawozo te kidnape 17 misyone (16 Ameriken ak yon Kanadyen) 16 oktòb pase a. Lidè gang la mande yon ranson $1 milyon pou chak viktim yo.

Manadje Christian Aid Ministries a goch, pale ak yon anplwaye devan barye a nan Titanyen, Potoprens, Dimanch 21 Nov. 2021.
Manadje Christian Aid Ministries a goch, pale ak yon anplwaye devan barye a nan Titanyen, Potoprens, Dimanch 21 Nov. 2021.


Nan yon mesaj li te pibliye sou sit wèb li a, Christian Aid Ministries te anonse 21 Novanm ke 2 misyonè te jwenn liberasyon yo. Li pa presize kiyès ni si yo te peye yon ranson. Sèl detay yo te bay se ke moun yo an bonn eta, e ke yap pran swen yo. Yo pa di si misyonè yo tounen Ozetazuni oubyen si yo ann Ayiti toujou.

Etazini voye plizyè responsab lajistis ann Ayiti pou ede Polis Nasyonal (PNH) la jwenn liberasyon misyonè yo. Gen yon ekip FBI tou kap travay sou ka sa a, dapre Lamezonblanch.

Nan yon deklarasyon FBI te voye bay VOA Kreyòl sa gen kèk semen, li te konfime, li gen ajan k'ap travay sou kidnapping misyonè yo ann Ayiti men li di li paka bay okenn lòt detay akoz ankèt la ap pousuiv, e yo vle pwoteje sekirite otaj yo.

XS
SM
MD
LG