Accessibility links

Breaking News

Komin Aken: Bandi Kidnape Yon Granmoun 80 an


AFp
AFp

Komin Aken ki nan depatman sid la anrejistre yon ka kidnapping. Lapolis déjà fè plizyè arestasyon sepandan otaj la toujou anba men ravisè yo.

Adrienne Syverain se yon granmoun fanm 80 lane bandi rive kidnape nan Morne Coma yon komin nan Aken, daprè pòtpawòl lapolis la nan sid "otaj la toujou anba men ravisè yo".

Dapre deklarasyon pòtpawòl lapolis la, otorite nan Aken te rive mete men sou 5 nan moun sa yo ki kidnape dam lan. Yon sèten Gaspard otè entelektyèl kidnapping lan pami moun sa ke lapolis arete, an 2020 Gaspard sa te eseye kidnape menm granmoun sa.

Pou mwa oktòb la lapolis nan sid fè 141 arestasyon, 66 ak manda, 75 lòt nan flagran deli.

Repotaj Jean Hernst Eliscar

XS
SM
MD
LG