Accessibility links

Breaking News

Christian Aid Ministries di 2 Misyonè Libere ann Ayiti


Manadje Christian Aid Ministries a goch, pale ak yon anplwaye devan barye a nan Titanyen, Potoprens, Dimanch 21 Nov. 2021.
Manadje Christian Aid Ministries a goch, pale ak yon anplwaye devan barye a nan Titanyen, Potoprens, Dimanch 21 Nov. 2021.

Gwoup legliz Christian Aid Ministries, ki gen katye jeneral li nan eta Ohio fe konnen gen 2 pami 17 misyone gang te kidnape ann Ayiti ki libere. Gwoup la fè konnen nan yon deklarasyon li pibliye ke 2 moun yo "sen e sof, yo kontan e yap resevwa swen."

Yo pa bay non moun ki lage yo ni kilè yo te libere ni okenn lòt enfòmasyon.

"Nap selebre liberasyon sa a men kè nou rete ak 15 lòt moun yo kenbe yo," gwoup la deklare.

Pòt pawòl Polis Nasyonal Ayisyen an, PNH, Gary Desrosiers konfime liberasyon 2 moun sa yo, pou Associated Press Dimanch.

Foto Achiv: Lokal Christian Aid Ministries nan Titanyen, Ayiti.
Foto Achiv: Lokal Christian Aid Ministries nan Titanyen, Ayiti.


FBI, (Biwo Federal Envestigasyon an) k ap ede Ayiti jwenn liberasyon misyonè yo derefize fè komantè sou liberasyon 2 moun yo.

Se 16 Oktòb ke gang 400 Mawozo a te kidnape misyonè yo. Nan gwoup la gen 5 timoun. 16 se sitwayen Ameriken epi youn se Kanadyen. Gang la te kidnape chofè Ayisyen yo tou.

Lidè 400 Mawozo a menase pou'l touye otaj yo si yo pa satisfè demann ni. Otorite yo di gang la mande yon ranson $1 milyon pou chak moun li kenbe, men li pa klè si timoun yo ladann.

Etazini mande tout sitwayen Ameriken pou yo kite Ayiti akoz ensekirite ak epi rate gaz la. Kanada anonse Vandredi li tap rale tout anpwlaye ki pa esansyèl yo soti nan anbasad li a.

XS
SM
MD
LG