Accessibility links

Breaking News

Lamezonblanch Fè Yon Mizajou Sou Sityasyon Misyonè Gang Kidnape Ann Ayiti


Pot pawol Lamezonblanch Jen Psaki reponn kestyon jounalis yo nan Washington, Lendi 15 Nov. 2021.
Pot pawol Lamezonblanch Jen Psaki reponn kestyon jounalis yo nan Washington, Lendi 15 Nov. 2021.

Pòt pawòl Lamezonblanch, Jen Psaki fè yon mizajou sou sityasyon 17 misyonè (16 Ameriken ak yon Kanadyen) kèk gang Ayisyen 400 Mawozo kidnape 16 Oktòb pase a.

"Eben nou gen yon gwo prezans ann Ayiti - ladann gen responsab la jistis, FBI ak lòt ajans ankò kap travay konstaman pou jwenn liberasyon moun sa yo. Mwen ta renmen genyen bagay nouvo pou'm di'w jodia. Mwen konnen tout moun ta renmen gen nouvo enfomasyon men malerezman pa gen okenn bagay nouvo mwen ka di'w pou kounyea, " Psaki di jounalis yo pandan rankont kotidyen ni ak laprès jodia nan Washington.

Gang 400 Mawozo a mande yon ranson $1 milyon pou lage misyonè yo. Lidè gang sa a te menase pou'l touye yo si li pa jwenn sa li mande a.

Mèkredi 16 Novanm, Depatman d'Eta te di VOA ke sekirite ak byenèt sitwayen Ameriken ki nan peyi etranje se pi gwo priyorite li.

Korespondan VOA nan Lamezonblanch Anita Powell, ak korespondan VOA nan Depatman d'Eta Cindy Saine kontribye a repotaj sa a.

XS
SM
MD
LG