Chèf Legliz Katolik Womèn nan, Pap François, nonmen evèk vil Okay la,
sidwès Ayiti, Monseyè Chibly Langlois, premye Kadinal ayisyen.
Son Eminans, Kadinal Langlois, pral reprezante Ayiti nan Sakre-Kolèj la--pi gwo
enstans Legliz Katolik la piske se la Kadinal yo reyini pou yo vote e eli yon Pap.
Souvren pontif la chwazi Monseyè Langlois (55 kan, aktyèl prezidan Konferans
Episkopal Dayiti e ansyen evèk Fò-Libète) ansanm ak 19 nouvo kadinal menm jou
Ayiti komemore katriyèm anivèsè tranblemanntè 12 janvye 2010 la ki te pran lavi
plis pase 250 mil moun nan kapital aysiyen an, Pòtoprens, ak nan plizyè lòt vil
peyi a.
Se premye nominasyon Pap François fè depi l rive nan tèt Leglis Katolik la
nan mwas 2013.
Souveren Pontif la, ki te pran nesans nan peyi Ajantin, nan Amerik Di Sid la, se premye
Pap ki pa fèt sou kontinan ewopeyen ki monte sou twòn Sen-Pyè a nan plis pase mil ane.
Pap François ki ranplase depi mas 2013 Benoît XVI adopte yon apwòch diferan
ak apwòch konsèvatè tradisyonèl Vatican an.
Kounye a, Legliz katolik ayisyen an kanpe sou menm pye ak Legliz katolik Repi-
blik Dominikèn nan ki gen nan tèt li, kadinal Nicolàs de Jesús López Rodrìguez,
achevèk Santo-Domingo.
Se nan fen lapriyè langelis dimanch 12 janvye 2014 la,
Pap François, anonse nominasyon nouvo Kadinal li pral konsakre ofisyèlman nan yon
Konsitwa k ap tanmen 22 fevriye k ap vini an.
Kadinal yo sòti nan 12 peyi diferan sou 5 kontinan yo pou "demontre rapò sere ki egziste
ant Legliz Wòm nan ak lòt Legliz ki simaye toupatou sou planèt la", dapre dekla
rasyon Souvren Pontif la.
Pap François anonse tou li pral selebre yon mès solanèl 23 fevriye ansanm ak
nouvo Kadinal yo, men 20 ak 21 fevriye li pral dirije yon Konsistwa ak tout Kadinal--Konstitwa ki pral chita sou tèm "Lafanmi".
Pap François Nonmen Evèk Vil Okay la, Monseyè Chibly Langlois, Kadinal Ayiti

WASHINGTON, DC —