Accessibility links

Breaking News

Ayisyèn Sheila Cherfilus-McCormik Genyen Eleksyon Florid la, Li Pral Washington


Demokrat Sheila Cherfilus-McCormick salye patizan li yo nan Fort Lauderdale, Florid, 11 Janvye, 2022.
Demokrat Sheila Cherfilus-McCormick salye patizan li yo nan Fort Lauderdale, Florid, 11 Janvye, 2022.

Demokrat Sheila Cherfilus-McCormick ranpòte yon gwo viktwa sou Repibliken Jason Mariner pandan yon eleksyon espesyal ki te dewoule yè Madi a.

Ayisyèn Amerikèn nan pral ranplase Alcee Hastings nan Kongrè a. Misye te manm delegasyon Florid la ki te pase plis tan nan Kongrè a anvan li te mouri nan mwa Avril 2021 ak yon kansè nan pankreyas.

Viktwa Cherfilus-McCormick la bay majorite tou mens ke Demokrat yo jwi nan La chanm yo bourad. Yo gen 222 vwa kont 212 Repibliken.

Cherfilus-McCormick pral oblije poze kandidati li ankò nan yon primè nan mwa Out kap vini an si li vle gen yon manda konplè kom depite 20e Distri a, ki gen anpil elektè Demokrat ladann.

Nouvèl yo rapòte pa gen anpil moun ki t'al vote.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG