Accessibility links

Breaking News

Demokrat yo Gen yon Kokenn Avantaj nan Eleksyon Florid pou Syèj Nan Kongrè a


Foto Achiv: Sheila Cherfilus-McCormick tann rezilta eleksyon an nan Lauderhill, Florid, 5 Nov. 2021.
Foto Achiv: Sheila Cherfilus-McCormick tann rezilta eleksyon an nan Lauderhill, Florid, 5 Nov. 2021.


Demokrat yo gen yon kokenn chen avantaj, nan moman elektè nan sid eta Florid ap chache ranpli yon syèj ki pa gen pèsonn ladann depi mwad Avril la.

Yon eleksyon espesyal pou reprezantan 20e Distri Kongresyonèl la Madi mete Demokrat Sheila Cherfilus-McCormick fas-a-fas ak Repibliken Jason Mariner.

Gen 5 Demokrat pou chak Repibliken nan distri sa a, ki kouvri yon pati nan awondisman Broward ak Palm beach.

Nan rezilta preliminè yo maten an, Demokrat yo te deja depoze 6 fwa plis bilten pase Repibliken yo. Moun ki genyen dezyèm tou eleksyon sa a pral ranplase Depite Alcee Hastings, ki mouri ak yon kansè nan pankreyas nan mwad Avril ane pase a.

Madan Cherfilus-McCormick se yon Ayisyèn Amerikèn ki te ranpote eleksyon primè a nan mwad Novanm ane pase a apre li ranpote 5 vwa an plis pase 11 lot konpetitè li yo.

GADE: Entevyou Jimmy Jacques ak Sheila Cherfilus-McCormick

XS
SM
MD
LG