Accessibility links

Breaking News

Ayisyen Eddy Alexandre Plede Koupab Devan Tribinal Federal Nouyòk


Tribinal federal vil Nouyok
Tribinal federal vil Nouyok

Ayisyen Eddy Alexandre, responsab klib envestisman EminiFx plede koupab devan yon tribinal federal nan vil Nouyòk Vandredi 10 Fevriye.

Lajistis Ameriken akize misye dèske li te òganize yon "chema Ponzi" kote yon pakèt moun te pèdi lajan yo.

Dapre jounalis VOA Kreyol ki te andedan tribinal la, jij la te kanpe odisyon an pandan 15 minit akoz yon deklarasyon Alexandre te fè pou di kòm kwa li pat enfòme manm klib la ak lòt moun ke platfòm nan patap fonksyone e ke sa te ka koze yo kèk dega.

Gouvenman an bò kote pa li te ensiste pou di deklarasyon Alexandre la pa admèt ke misye te gen entansyon desevwa envestisè li yo ak potansyèl envestisè yo.

Apre poz la, sou deman jij la, avoka gouvènman Ameriken an te fè konnen li gen prèv Alexandre te konnen aksyon li yo pat legal.

A la fen, Eddy Alexandre te plede koupab.

Jij la te fikse 11 Me kòm dat pou pwononse santans Alexandre la. Sepandan, avoka li te mande pou yo ranvwaye dat la e jij la te akòde yon nouvo dat ki se 12 Jiyè.

Manm kominote a, pami yo envestisè te reponn prezan pou montre sipò yo pou Alexandre. Yo te plen sal tribinal la ak 2 lòt chanm siplemantè.

XS
SM
MD
LG