Accessibility links

Breaking News

Ayisyen Eddy Alexandre Deside Plede Koupab ak Akizasyon Lajistis Etazini


Tribinal federal vil Nouyok
Tribinal federal vil Nouyok

Depatman Jistis Etazini fè konnen Ayisyen Eddy Alexandre ke yo akize dèske li te òganize yon "chema Ponzi" kote yon pakèt moun nan kominote Ayisyèn nan te pèdi lajan yo, gen entansyon plede koupab devan tribinal Vandredi.

Yon nòt de près avoka gouvènman an nan Distri Sid Nouyòk la pibliye fè konnen, Alexandre pral plede koupab Vandredi 10 Fevriye a 3 zè nan apremidi, nan yon tribinal federal nan Nouyòk.

Alexandre se responsab klib envestise EminiFx.

La jistis Etazini akize misye dèske li te komèt fwod sou mache'd la bous la. Dapre Depatman Jistis la, Alexandre te solisite plis pase $59 milyon dola envestisman nan men plizyè santèn moun apre li te ba yo manti an koneksyon ak platfom li an, EminiFX.

"Eddy Alexandre te pran tèt kliyan li yo pou fè yo envesti plis pase $59 milyon ak pwomès ke yo tap antre yon paket lajan vizavi pwòp platfòm pa li ki rele EminiFx. An reyalite, okenn teknoloji konsa pat egziste, e nou kwè Alexandre envesti yon ti kras lajan yo sèlman - pi fò ladann li te pedi - epi transfere pi fò sòm nan nan kont an bank pèsonèl li pou peye pou bagay ki koute chè pou pwòp tèt li," Depatman Jistis la te ekri nan yon deklarasyon.

"Menm jan ak tout mache finansye, echanj lajan etranje ofri posibilite pou yon moun fe yon pakèt lajan, men envestisè yo ta dwe o kouran de risk ki poze lè moun ba yo manti e di yo yo ka vinn rich vit e prese - anpil fwa pwomès sa a sonnen byen men yo se manti."

La jistis te arete misye 12 Me 2022, e yo te lage'l sou kosyon nan mwad Jyen an apre li te peye $3 milyon dola.

XS
SM
MD
LG