Accessibility links

Breaking News

Yon Jij Federal nan Nouyòk Akòde Eddy Alexandre Libète sou Kosyon


Eddy Alexandre, yon Ayisyen ke la jistis akize dèske li te komet fwod sou mache'd la bous la jwenn libète sou kosyon, apre li peye $3 milyon.

Pami kondisyon liberasyon ni, Jij Robert W. Lehrburger ki te prezide odyans la, mande pou limite deplasman Alexandre a zòn Nouyòk selman, li gen pou'l remet tout dokiman vwayaj li yo bay la jistis, li dakò pou la jistis sipevize'l anvan pwose li - kivledi li gen pou'l mete yon brasle elektwonik pou yo ka konnen ki kote li ye tout tan.

La jistis di tou li paka louvri okenn nouvo kont an bank ni liy kredi, li paka patisipe nan okenn tranzaksyon Krypto san apwobasyon tribinal la, li paka sèvi ak okenn lajan li fè sou envestisman li yo ni resevwa lajan bò kote envestisè nan biznis li a.

Dapre dokiman legal VOA Kreyòl we, Alexandre te mande pemisyon pou ale legliz chak Samdi nan St. Albans, Nouyòk, e jij la te akòde demann sa a.

Madi 14 Jyen, Alexandre te retounen nan tribinal pou yon odisyon ak yon konferans pou diskite sou pwose a.

Si yon tribinal jwenn ni koupab, Alexandre taka fe fas ak omwens $10,000 amann ou plis, li taka gen pou'l pase 5 an nan prizon epi jij la taka pase lòd pou'l re-peye tout moun ki te envesti lajan ave'l. Li posib tou ke yo deside ba li yon pwobasyon ki ta vle di tribinal la siveye'l pandan 5 an epi limite aktivite li.

La jistis Etazini prezime tout akize inosan, jiskaske yon jiri jwenn yo koupab devan tribinal.

XS
SM
MD
LG