Accessibility links

Breaking News

Responsab Klib Envestisè Eddy Alexandre Konparèt Devan Tribinal Nouyòk


Tribinal federal vil Nouyok
Tribinal federal vil Nouyok

Eddy Alexandre, yon Ayisyen ki se responsab klib envestise EminiFx, konparet devan yon tribinal nan Manhattan, Nouyok jodi Mekredi a. La jistis Etazini akize Alexandre dèske li te komet fwod sou mache'd la bous la. Dapre Depatman Jistis la Alexandre te solisite plis pase $59 milyon dola envestisman nan men plizye santen moun apre li te ba yo manti an koneksyon ak platfom li an, EminiFX.

"Eddy Alexandre te pran tèt kliyan li yo pou fe yo envesti plis pase $59 milyon ak pwomes ke yo tap antre yon paket lajan vizavi pwop platfom pa li ki rele EminiFx. An reyalite, okenn teknoloji konsa pat egziste, e nou kwe Alexandre envesti yon ti kras lajan yo selman - pi fo ladann li te pedi - epi transfere pi fo som nan nan kont an bank pesonel li pou peye pou bagay ki koute che pou pwop tet li," Depatman Jistis la te ekri nan yon deklarasyon.

"Menm jan ak tout mache finansye, echanj lajan etranje ofri posibilite pou yon moun fe yon paket lajan, men envestise yo ta dwe o kouran de risk ki poze le moun ba yo manti e di yo yo ka vinn rich vit e prese - anpil fwa pwomes sa a sonnen byen men yo se manti."

La jistis te arete misye 12 Me pase a, e yo te lage'l sou kosyon nan mwad Jyen an apre i te peye $3 milyon dola.

Dapre dokiman legal VOA Kreyol we, odisyon Mekredi a sete pou bay yon kont randi pwosesis legal la. Sete yon opotinite pou avoka akizasyon yo ak avoka defans yo diskite sou detay ka a.

Videyo VOA Kreyol resevwa nan men yon moun ki te sou plas, montre plis pase 50 moun pami yo Ayisyen, te kanpe devan ak ozalantou tribinal la maten an pou montre sipo pou Alexandre.

Nan dokiman legal ki piblik ke nou we, avoka gouvenman an soulve yon konfli d'entere yo kwe ki egziste ant Alexandre ak avoka li yo. Rezon yo bay la se paske se fanmi misye ak zanmi li kap peye fre legal li yo, olye li peye yo limenm.

Avoka li yo voye yon let bay jij kap prezide ka li, kote yo eseye esplike poukisa li pata dwe konsidere sa tankou yon konfli d'entere.

Alexandre gen 50 an, e li rete Valley Stream, nan Nouyok. La jistis akize'l de fwod sou mache machandiz la - ki gen yon pen maksimom de 10 zan nan prizon, epi fwod elektwonik ki pote yon santans maksimom 20 an prizon.

Biwo Federal Envestigasyon an, FBI, te travay ansanm ak Komisyon Negosyasyon Kontra a Tèm sou Matyè Premyè sou ka Alexandre la.

XS
SM
MD
LG