Accessibility links

Breaking News

Kisa ki yon 'Chema Ponzi'?


Foto Achiv: Lajan kach nan yon potofèy.
Foto Achiv: Lajan kach nan yon potofèy.

Gen 2 Ayisyen ke la jistis Ameriken akize an koneksyon ak chema Ponzi: Eddy Alexandre nan Nouyok epi Alexandra Robert nan Miami.

Men kisa yon "Chema Ponzi" ye? E ki diferans ant chema sa a ak yon "Chema Piramidal"? VOA Kreyol esplike.

Kisa li ye?

Yon chema Ponzi se yon fo envestisman ki peye envestisè ki mande pou yo remèt yo lajan yo ak lajan yo koleksyone nan men nouvo envestisè.

Moun ki oganize chema Ponzi yo souvan pwomèt pou envesti lajan'w epi jenere anpil benefis san prèske okenn risk. Sepandan, an reyalite moun sa yo pa janm envesti lajan'w.

Poukisa yo rele'l Ponzi?

Chema sa a pote non yon nèg ki rele Charles Ponzi. Misye te moun Boston, nan eta Massachusetts. Nan ane 1920 yo Ponzi te pwomèt envestisè yo 50% benefis nan kèk mwa sèlman sou sa li te reklame kom yon envestisman nan koupon kourye entènasyonal.

Ponzi te sèvi ak lajan nouvo envestisè yo pou peye "fo" benefis bay moun ki te envesti an premye yo.

Pi gwo pwosè pou yon chema Ponzi nan tan modèn Ozetazini sete kont Bernie Madoff nan Nouyok, yon nèg ki te pran tèt ata gwo vedèt nan Hollywood pou envesti lajan avèl. Yon jij te kondane'l pou'l pase 150 an nan prizon.

Kijan ou ka idantifye yon chema Ponzi?

  • -Yo pwomèt benefis ki wo anpil
  • -Yo garanti wap fè benefis sou lajan ou envesti
  • -Envestisman an toujou bay bon randman
  • -Plan biznis la vag
  • -Yo toujou ap chache plis envestisè
  • -Yo mete presyon sou wou pou re-envesti lajan an
  • -Yo mete presyon sou wou pou aji san pèdi tan
  • -Yo konte sou kredibilite pa asosyasyon


Poukisa chema Ponzi yo pa reyusi?

D'abitid, chema Ponzi yo bwè lwil lè pa gen ase lajan pou peye envestisè yo.

Pi fo moun ki oganize fwo envestisman sa yo chape poul yo ak lajan envestisè yo.


Kisa ki yon chema Piramidal?

Yon chema piramidal se yon fo plan envestisman kote yo rekrite nouvo manm ak pwomes ke yap touche yon kob si yo ka konvenk lot moun patisipe nan plan an.

Lè gwoup envestisè a ogmante pou rive nan yon sèten nivo e li enposib pou rekrite nouvo moun, "biznis la" echwe, paske pa genmwayen pou soutni li.

Nan chema sa a, premye envestisè yo touche kob ke oganizatè a pran nan men nouvo moun kap antre nan gwoup la, olye yo touche sou veritab benefis sou lajan yo envesti a.

Kisa ki diferans ant yon chema Ponzi ak yon chema Piramidal?

Pi gwo diferans la se ke chema piramidal la ofri viktim yo opotinite pou yo fe lajan si yo rekrite nouvo envestise. Chema Ponzi a pa fe sa.


Eske se yon krim Ozetazini?

SEC (Securities Exchange Commision) ak CFTC (Commodity Futures Trading Commision) pousiv devan la jistis moun ki kreye ni chema Ponzi, ni chema Piramidal.

La jistis Ameriken konsidere 2 tip chema sa yo yon krim.

Penalite pou yon moun ki rekrite envestise pou yon chema piramidal se jiska 4 an prizon ak yon amann $5,000 dola.

Met sou sa, chak moun ki rekrite patisipan nan chema piramidal la ka fe fas ak asiyasyon ki mande pou yo re-peye 2 fwa vale lajan moun li rekrite a te envesti.

Pou chema Ponzi a ou ka fe fas ak jiska 20 an prizon, epi jij la ka pase lod bawou pou repeye tout lajan ou te pran nan men envestise yo.

XS
SM
MD
LG