An Frans, chanm bas Asanble Nasyonal la (kidonk palman an) vote pou l kore yon rezolisyon ki entèdi fanm yo pote abiman mizilman ki kouvri tout kò yo depi nan tèt jous nan pye (burka), si yo prale nan yon lye piblik kèlkeswa kote a nan peyi a. Se preske tout pati politik ki reprezante nan chanm nan ki vote nan sans sa a. Rezilta vòt la se 336 pou e yon sèl vwa kont. Minis jistis fransè a, Michèle Alliot-Marie, ki te pale aprè palmantè yo te vin vote, fè konnen nouvo lwa sa a repoze sou prensip imanitè yo ki, jounen jodiya tankou yè, kore inite ak endividyalite sitwayen fransè yo e, daprè minis la, se sa ki reprezante fondasyon grandè Lafrans.
Kounyela a lwa a prale devan sena fransè a, yon bagay ki pap fèt pa zavan mwa septanm 2010 la. Si li pase nan Chanm Wòt la, li pral ilegal pou yon fi pote rad ki kouvri tout kò l sou tout etandi tèritwa fransè a si li twouve l nan yon lye piblik. Si yon moun vyole lwa a, l ap gen pou peye yon amand 200 dola. Men si yon mari fòse madanm ni, oubyen yon papa fòse pitit fi li mete yon rad konsa, li kapab peye jiska 40 mil dola epi li ka menm pran prizon.
Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w tande deklarasyon minis jistis fransè a Michèle Alliot-Marie sou nouvo lwa depite fransè yo vote konsènan kesyon burka a.