Accessibility links

Breaking News

2èm Tou Eleksyon Jeneral ann Ejip


Yon fi ejipsyèn kap vote nan premye tou eleksyon palmantè yo nan ejipt (AP Photo/Nasser Nasser)
Yon fi ejipsyèn kap vote nan premye tou eleksyon palmantè yo nan ejipt (AP Photo/Nasser Nasser)

Nan peyi Ejip 2èm tou eleksyon pou palman an ap dewoule pou yon dezyèm jounen avèk pati islamis rival yo ki angaje plis toujou nan yon konpetisyon chofe pou vwa nan 2 pi gran vil nan peyi a ak 7 lòt pwovens.

Gen 24 lòt kous ankò ki se yon konpetisyon ant kandida 2 prensipal gwoup islamis Ejip yo : Pati libète ak Jistis frè Mizilman yo ak pati iltra konsèvatè Salafist Nour la.

Se sèlman 4 kandida ki te genyen syèj nan premye tranch eleksyon yo ki te dewoule semèn pase a, yo te asire plis ke 50% vwa yo; donk yo pat bezwen yon dezyèm tou.

XS
SM
MD
LG