Accessibility links

Breaking News

2 Sòlda Ameriken Mouri nan Afganistan


2 Sòlda Ameriken Mouri nan Afganistan
2 Sòlda Ameriken Mouri nan Afganistan

Lotan fè konnen 2 nan sòlda kowalisyon an peri anba bal pandan yon atak 2 afgan lanse. Otorite alyans atlantik la sispèk youn nan atakan yo se yon sòlda nan lame Afganistan an.

Fiziyad ki dewoule nan pati sid Afganistan an se ensidan ki pi resan nan yon seri atant k ap fèt sou sòlda L Otan k ap mouri anba men kolèg afgan nan nasyon azi di sid la.

Gen 6 sòlda alyans atlantik la ki mouri semèn pase, pami yo 2 konseye militè ameriken yo touye andedan biwo yo nan ministè enteryè Afganistan an dimanch pase.

Anvan sa, yon sòlda afgan te ouvè kout zam e touye 2 sòlda ameriken pandan yon manifestasyon pou pwoteste kont moun ki ye mete dife nan liv sakre Koran an nan baz militè Bagram nan tou pre Kaboul.

XS
SM
MD
LG