Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Resevwa Prens Eritye Arabi Sawoudit la, Mohammed bin Salman, nan La Mezon Blanch


Prezidan Donald Trump ki tap di 2 mo pandan li tap resevwa Prens Kouwone Arabi Sawoudit la, Mohammed bin Salman, nan salon Oval la nan Washington.- (Foto: 20 mas 2018).
Prezidan Donald Trump ki tap di 2 mo pandan li tap resevwa Prens Kouwone Arabi Sawoudit la, Mohammed bin Salman, nan salon Oval la nan Washington.- (Foto: 20 mas 2018).

Prezidan Donald Trump resevwa nan La Mezon Blanch, madi 20 mas 2018 la, Prens Mohammed bin Salman nan kad yon vizit lidè Arabi Sawoudit la ap fè Ozetazini nan moman gen gwo tansyon ant peyi li avèk Iran. Daprè yon otorite nan La Mezon Blanch, rankont sa a sete yon okazyon pou 2 lidè yo "evalye pwogrè ki fèt nan relasyon ant 2 peyi yo" epi diskite sou "efò Iran ap fè pou li destabilize rejyon an."

Prezidan Trump pran kareman poziyon pou Arabi Sawoudit nan rivalite ki egziste ant peyi sa a avèk Iran. Prens kouwone a -ki rele tou MBS- parèt byen dispoze pou l pwofite de sitiyasyon sa a. Nan yon entèvyou li bay chèn televizyon ameriken CBS, li konpare lidè Iranyen an avèk Adoph Hitler anvan li te deklare: " Si Iran posede zam nikleyè, Arabi Sawoudit pral fè menm bagay la tou." Prens sawoudyen an ajoute:

Prezidan Trump ap mete evan Mohammed bin Salman kèk reyalizasyon gouvènman li a fè pandan 1 nan 2 mwa li deja pase sou pouvwa a.
Prezidan Trump ap mete evan Mohammed bin Salman kèk reyalizasyon gouvènman li a fè pandan 1 nan 2 mwa li deja pase sou pouvwa a.

"Arabi Sawoudit pa vle posede okenn bonm nikleyè; men, mwen pa kache di nou sa, si Iran devlope yon bonm nikleyè, nou pral fè menm bagay la e le pi vid posib."

San di pètèt, avèk yon deklarasyon konsa Prens Mohammed Salman ap mete presyon sou Lèzetazini nan moman rete kèk semenn sèlman anvan fen yon delè Lèzetazini genyen pou l pran yon desizyon sou akò komèsal entènasyonal desizyon kominote entènasyonal la te siyen ak Iran sou pwogram nikleyè peyi sa a.

Prens eritye a reyalize yon bon valè refòm sosyal nan Arabi Sawoudit; pami yo genyen dwa pou medam yo kondui machin epi dwa pou fanm irayèn yo asiste yon match football. Sa fè pati yon plan pou modènize yon peyi ultra-konsèvatè, epi pèmèt ekonomi sawoudyèn nan fè plis innovasyon epi vini yon ekonomi ki pi dirab.

XS
SM
MD
LG