Accessibility links

Breaking News

Apèl Sekretè Deta Ameriken an Pou Lidè Siryen an Fè Refòm


Sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton
Sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton

Sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton, fè konnen li prèske twò ta pou gouvènman prezidan siryen an, Bashar al-Assad, nan moman manifestan k ap reklame demokrasi lanse apèl bay sitwayen siryen yo pou yo pran lari vandredi premye jiyè 2011 la sou tout tèritwa nasyonal la e mande prezidan an bay demisyon n.

Chèf diplomasi amerikèn an fè deklarasyon sa a nan menm jounen vandredi a nan yon rankont ki reyini manm sa yo rele “Kominote Peyi Demokratik yo” nan vil Vilnius, kapital Lityani.

Madam Clinton ajoute gouvènman al-Assad la an dwe fè bon jan efò pou li mete refòm nan Siri, oubyen li mèt atann ni aske fòs mouvman rezistans la pral ogmante.

XS
SM
MD
LG