Pati nò ak pati sid peyi Soudan mete yo dakò an prensip pou yo demilitarize rejyon Abyei ki pwovoke mezantant ant 2 pati yo, epi pèmèt gadyen lapè etyopyen al pran pozisyon nan zòn nan.
Se konsa tou, 2 pati yo aksepte an prensip pou yo wete tout twoup yo genyen nan rejyon an anvan pati sid la pran endepandans li nan dat 9 jiyè pwochen.
Yo rive jwenn antant sa a aprè sa pati konsène yo prezante kòm 2 jou chita-tande difisil ki dewoule nan vil Adis Abeba, nan peyi Etyopi, ant prezidan soudanè a, Omar al-Bashir, ak lidè pati sid la, Salva Kiir.