Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Bolivi a Evo Morales Pran Egzil O Mezik Apre Lame a Retire l sou Pouvwa a


Prezidan egzile Bolivi a, Evo Morales. Foto: 11 novanm 2019.
Prezidan egzile Bolivi a, Evo Morales. Foto: 11 novanm 2019.

Ansyen prezidan bolivyen Evo Morales monte abò yon avyon nan direksyon peyi Meksik kote li jwenn azil apre li te finn demisyone pa lafòs kòm chèf deta Bolivi nan kòmansman semèn sa a.

Minis afè etranjè meksiken Marcelo Ebrard pibliye yon foto mesye Morales abò yon avyon fòs ayeryèn nasyon aztèk la, nan moman li tap kite vil La Paz, kapital Bolivi lendi 11 novanm nan ak yon drapo meksiken sou jenou li.

Ansyen lidè bolivyen an te fè yon demand dazil bò kote Meksik imedyatman apre li te finn bay demisyon sanzatann dimanch pase apre yon seri manifestasyon vyolan nan plizyè vil pou pwoteste kont rezilta eleksyon mwa oktòb pase a ki ta pral pèmèt li jwenn yon 4èm manda.

XS
SM
MD
LG