Accessibility links

Breaking News

Ansyen Lidè Peyi Libi, Mohammar Kadhafi, Mouri (?)


Ansyen Lidè Peyi Libi, Mohammar Kadhafi, Mouri (?)
Ansyen Lidè Peyi Libi, Mohammar Kadhafi, Mouri (?)

Otorite nan gouvènman pwovizwa a nan Libi anonse, jedi 20 oktòb 2011 la, ansyen lidè peyi a, Mohammar Kadhafi, mouri aprè li te blese nan yon batay pou kontwòl vil Sirte kote Kadhafi te pran nesans.

Okenn sous endepandan poko konfime nouvèl la. Anvan sa, toujou nan jounen jedi a, lidè militè ki nan Konsèy Nasyonal Tranzisyon kap dirije Libi a te fè konnen Misye Kadhafi te tonbe anba men konbatan revolisyonè yo e li te gravmen blese.

Prezidan Konsèy la, Mustafa Abdel, genyen pou l mete yon mesaj devan nasyon an anvan lontan. Konbatan revolisyonè yo te fè yon dènye pèse sou vil Sirte aprè yo te pase plizyè semèn ap batay ak yon gwoup nèg byen ame ki te rete fidèl anvè Kadhafi.

Otorite yo nan Konsèy la di kounyela a yo kapab deklare peyi a libere finalman aprè Sirte tonbe totalman anba kontwòl yo. Konsa, gouvènman pwovizwa a kapab di li gen kontwòl tout pò ak tout kòt peyi Libi.

Sirte se yon vil ki sitiye sou yon distans 360 kilomèt a Tripli, kapital la ; sete dènye baz rezistans moun ki te rete fidèl anvè rejim Kadhafi a aprè konbatan gouvènman pwovizwa a te mete men sou vil Bani Walid pi bonè nan semèn nan.

Konbatan Konsèy Nasyonal Tranzisyon an tire kout-zam an lè nan Sirte pou yo selebre viktwa final sa a e, jedi 20 oktòb 2011 la, yo monte nouvo drapo nasyonal la sou edifis piblik ki nan vil la.

Otorite Lèzetazini ak Nasyon Zini di yap eseye jwenn konfimasyon nouvèl ki anonse lanmò Mohammar Kadhafi a.

XS
SM
MD
LG