Accessibility links

Breaking News

Almay ap Ekspilse Diplomat Larisi Akoz yon Asasinay

FILE - People carry the body of Zelimkhan Khangoshvili, a Chechen Georgian who fought against Russia in the Second Chechen War and had links with Georgian intelligence, during his funeral in Duisi village, Georgia, Aug. 29, 2019.

Almay ap ekspilse 2 diplomat Larisi akoz sa yon tribinal ann Almay deklare kòmkwa Larisi te òdone asasinay yon sitwayen alman ki gen orijin nan Tchetcheni an 2019 nan Berlen.

Nan ensidan sa a ki te atire anpil atansyon, Zelimkhan Khangoshvili, alyas Tornike, te tonbe anba bal nan yon pak nan Berlen.

Yè Mèkredi-a, yon tribinal alman jwenn sitwayen ris Vadim Krasikov koupab pou asasinay e ba l santans prizon avi, e tribinal la di li t ap travay pou otorite Larisi yo ki te ba l yon fo idantite ak lòt resous.

Gen kèk enfòmasyon nan rapò sa a soti nan Reuters ak The Associated Press.

XS
SM
MD
LG