Accessibility links

Breaking News

Aktris Anne Heche Mouri Apre yo Etenn Aparèy ki te Kenbe'l Vivan


Foto Achiv: Aktris Anne Heche nan yon fet magazin Variety oganize nan Beverly Hills, Kalifoni, 15 Oct. 2012.
Foto Achiv: Aktris Anne Heche nan yon fet magazin Variety oganize nan Beverly Hills, Kalifoni, 15 Oct. 2012.

Aktris Amerikèn Anne Heche mouri apre yo etenn aparèy ki te kenbe'l vivan, yon semèn apre yon aksidan oto kote machinn ni te pran dife nan Los Angeles.

Yon pòt pawòl Heche te pibliye yon deklarasyon pou fanmi aktris la epi di yo tap kenbe'l vivan pou detèrmine si li se yon donatè ògan ki vyab.

Jedi, lapolis te di yo tap mennen ankèt sou Heche, paske yo kwè li te pran dwòg anvan li te monte dèyè volan an.

Heche fè kolizyon ak yon kay nan Los Angeles 5 Out. Yon pòt pawòl lapolis di Jedi detektiv yo te jwenn yon manda pou yo pran yon echantiyon san Heche, e ke yo te jwenn nakotik nan san li.

Yon pòt pawòl pou Heche derefize fè komantè sou ankèt la.

XS
SM
MD
LG