Accessibility links

Breaking News

Aktè Bob Saget Mouri


Foto Achiv: Bob Saget asiste evenman "Shameless" FYC la nan Los Angeles, 6 Mas, 2019.
Foto Achiv: Bob Saget asiste evenman "Shameless" FYC la nan Los Angeles, 6 Mas, 2019.

Bob Saget, yon komedyen ak aktè anpil moun sonje e renmen pou wol li te jwe nan seri televize "Full House" mouri a laj 65 an.

Sharif awondisman Orange la nan Kalifoni fè konnen li resevwa yon kout telefon Dimanch ki di yo jwen yon gason ki pa montre okenn siy lavi. Yo di yo jwen Saget mouri nan yon chanm nan otel Ritz-Carlton nan nan Orlando.

Detektiv yo di yo pa jwenn okenn siy ki ta montre se yon moun ki touye'l ni ke li te pran dwog.

Saget te Florid nan kad vire won "I Don't Do Negative Comedy Tour" li a. Moun ka petèt sonje misye tou kom animate "America's Funniest Home Videos" yon pwogram televizyon sou videyo Ameriken fè ki komik a mo. Li te fè narasyon seri televize popilè "How I Met Your Mother" tou.

Zanmi ak fanmi misye chante lwanj li kom nèg ki te komik epi janti.

XS
SM
MD
LG