Accessibility links

Breaking News

Fòs Espesyal Afgan yo Touye Pa Erè 9 Sivil e Blese 8 Lòt nan Pwovens Nagarhar


 Antèman viktik nan atak vil Chaparhar nan distrik Nangarhar pwovens, ès Kaboul, Afganistan, 29 me 2018.
Antèman viktik nan atak vil Chaparhar nan distrik Nangarhar pwovens, ès Kaboul, Afganistan, 29 me 2018.

Fòs espesyal nan Afganistan, ki jwenn apui patnè ameriken, anba akizasyon komkwa yo ta touye 9 sivil e blese 8 lòt nan pwovens Nagarhar, alès peyi a, kote yo te konfonn yo ak militan eta islamik la.

Yon pòtpawòl gouvènman pwovensyal la di Lavwadlamerik, yon gwo kantite nan viktim ensidan an ki dewoule nan mitan nan nuit la, se manm fanmi prezidan sena Afganistan an.

Pòtpawòl Attaullah Khogyani kontinye pou l di kòmandan polis lokal la, ak 2 gad dikò ame twouve yo pami moun ki mouri yo.

Otorite yo ouvè yon ankèt pou detèmine sak la ki lakoz fòs espesyal afgan yo te mete sou pye operasyon ki dewoule lan nuit lendi 28 me 2018 la nan zòn nan san fè okenn kowòdinasyon ak enstitisyon sekirite pwovens Nargarhar la.

XS
SM
MD
LG