Sèvis sekirite a sere anpil-anpil nan pwovens Kandahar, nan pati sid Afganistan , nan moman plizyè milye moun ki an dèy rasanble pou yo asiste antèman demi-frè Prezidan Hamid Karzai, ki te mouri ansasinen madi 12 jiyè 2011 la.
Non misye se Akmad Wali Karzai, ki te yon pèsonalite puisan nan rejyon sid la. Li te resevwa yon bal lakay li nan Kandahar e se yon gad di kò li (ki t ap travay avèk li depi lontan) ki tire li.
Yo idandifye asasen an kòm Sardar Mohammad ki mouri, li menm tou, anba ba l yon lòt manm kad di kò Akmad Wali Karzai.