Accessibility links

Breaking News

Administrasyon Biden nan Pral Dispoze Plis Vaksen Grip pou Ameriken


Foto Achiv: Yon vaksen grip nan yon klinik nan vil Lynwood, eta Kalifoni.
Foto Achiv: Yon vaksen grip nan yon klinik nan vil Lynwood, eta Kalifoni.

Administrasyon Biden nan di li pral voye vaksen kont grip la li sere nan depo nasyonal estratejik li bay lopital ak klinik toupatou Ozetazini.

Eta yo pral gen posibilite pou yo mande doz vaksen ki rele Tamiflu a ke Etazini sere nan depo nasyonal la ak nan depatman federal Sante ak Sèvis Imen an.

Administrasyon an pa di ki kantite vaksen li pral dispoze pou piblik la.

Semèn pase a, Depatman Sante Piblik la te di li tapral pèmèt eta yo stoke yon afè yon milyon vaksen Tamiflu.

Doktè yo ka preskri vaksen sa a pou trete moun ki enfekte ak grip la soti depi nan ti bebe ki gen 2 semèn pou rive granmoun.

XS
SM
MD
LG