Accessibility links

Breaking News

Govènman Pwovizwa Ayisyen an Koumanse Peye Ansyen militè Demobilize nan Depatman Grand'Anse lan


Apre kòlèg yo nan Depatman lwès ak sidès la, ansyen militè demobilize Lame DAyiti nan Depatman Grand’Anse---pi ekzateman nan vil Jeremie---resevwa yon premye pòsyon nan lajan pansyon ak dedomajman yo t’ap reklame Leta ayisyen an. Yon lòt kote, responsab Misyon Nasyonzini yo an'n Ayiti bay garanti y'ap kontinye kore efò polis nasyonal la pou ede l’ konbat vyolans kap sakaje depi 30 Septanm ane pase kapital la, Potoprens. Nan Depatman Sant peyi a, pòt pawòl militè demobilize yo, Ravix Remissainthe---la polis ap chache---menase pou l’ trenen devan la justis otorite lokal yo ki akize l’ kòm responsab lanmò 4 polisye pandan peryòd kanaval la. Epi nan vil Gonayiv yon pòt pawòl militè demobilize yo nan Latibonit avèti otorite yo ke y'ap boukante kout zam avèk yo si yo ta arete msye Remissainthe la justis ap chache.

Koute devlopman nouvèl sa yo avèk kòlèg nou Serge Rodriguez ak Ronald Cesar ki pral pote pou nou repòtaj Luckner Laguerre, Renan Toussaint, ak Jean Christophe Collegue.

XS
SM
MD
LG