Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 2/16/05


NBA

Kobe Brant make 40 pwen pou ede Los Anjeles Lakers ranpòte la viktwa devan Utah Jazz 102 a 95. Nan Minneapolis Kevin Garnett te fè tout efò pou ede Minnesota Timberwolvs tronse New Jersey Nets 82 a 71. Denver Nuggets ranpòte yon viktwa tou mens devan Atlanta Hawks 100 a 96. Washington Wizards tonbe devan Houston Rockets 123 a 93.

Tsunami Football

Ekip ki te gen nan tèt li Ronaldinho ranpòte yon viktwa 6 a 3 kont yon lòt ekip ki te gen nan tèt li Ukrenyen Andrei Shevchenko nan kad match football Lespwa ki dewoule an Espay kote yo ranmase anviwon 3 milyon dola pou viktim Raz-d-mare ki sot frape yon pati nan Kontinan Azyatik la.

Football

Antrenè seleksyon nasyonal feminen ameriken an April Heinrichs kraze yon kite plis pase 5 mwa depi li te ede seleksyon an ranpòte yon meday dò nan Je Zolempik Atè-n 2004 yo.

Atletism

Chanpyon Olempik Yuriy Borzakovskiy te kouri pi rapid ke tout lòt atlèt pou l ranpòte kous 800 mèt an sal konpetisyon kap dewoule nan Sockholm an Swed.Mozanbiken Maria Mutola ranpòte kous 800 mèt kategori feminen an.

Boston / Marathon

Kourè kap patisipe nan Maraton Boston ane sa a ap resevwa plis lajan. Venkè yo ap resevwa 100 mil dola--swa 20 mil dola an plis ke ane pase. Kourè ap resevwa lòt prim pou nenpòt rekò yo bat( ameriken ou byen mondyal. Venkè chèz woulant yo ap resevwa 15 mil dola. Maraton Boston nan ap dewoule 18 Avril.

Tennis

Ameriken Jan-Michael Gambill elimine tèt de seri numewo 4 Tchèk Jiri Novak nan kad tounwa tenis Morgan Keegan kap dewoule nan Memphis, Tennessee 6-0, 6-4.

Lond/ Olenpik

Komisyon Evaluasyon Komite Olempik Entènasyonal la rive nan vil Lond depi yè Madi kote yo pral pase 4 jou ap enspekte enstalasyon spòtif vil la ki kandida pou l òganize je zolempik yo an lan 2 mil 12. Lond, New York, Madrid ak Moskou se lòt vil ki kandida pou òganize konpetisyon an.

Komite kap travay sou kandidatu vil Lond pou je zolempik yo di siklis Britanik yo ap gen nouvo enstalasyon pou antrene epi patisipe nan konpetisyon ke yo òganize je yo ou pa an lan 2012. Federasyon Siklis Britanik la fikse kòm objektif bati 4 velodròm.

XS
SM
MD
LG