Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 2/15/05


NBA

Allen Iverson make 38 pwen nan viktwa de justès Philadelphia 76ers ranpòte dev an New York Knicks 106 a 105. Viktwa ki pèmèt 76ers yo pataje premye plas-la nan divizyon Atlantik la. Phoenix Suns kontinye ap byen men-nen apre yo danse sou Utah Jazz 136 a 128. Portland Trail Blazers ranpòte yon viktwa tou mens devan Charlotte Bobcats 80 a 77 gras ak 3 pwen Nick Van Exel make sekond avan fen tan reglemantè-a. Detroit Pistons krabinen Milwaukee Bucks 107 a 83 epi Washington Wizards subi 2 zièm defèt li---fwa sa a se devan New Orleans Hornets 98 a 96.

College Basketball

Bò kote Univèsitè yo Tekzas Tek suprann Kansas ak yon viktwa 80 a 79 an doub pwolongasyon. Chanpyon sòtan Syrakuz te fè anpil efò avan li kale Pittsburgh 68 a 64. Nou pral gen chans pou n wè evolisyon univèsitè yo an Mas pwochen lè pral gen banbòch basketball nan tout peyi a.

U.S Football

Seleksyon Nasyonal football maskulen ameriken ap jwe 2 match entènasyonal chofe jarèt kont Kolonbi ak Honduras nan kad preparatif yap fè avan yo mete tèt pou Meksik 27 Mas pou faz final eliminatwa koup du mond Almay 2 mil 6. Ameriken yo ap rankontre ak Kolonbi nan Kalifòni le 9 Mas epi le 19 kont Honduras nan Albuquerque, New Meksiko. Apre math Meksik la Etazuni ap rankontre ak Gwatemala le 30 Mas toujou nan ekzagonal final la.

Davis Cup

Koubek Kaptèn seleksyon koup DAvis Otrichyen Thomas Muster nonmen Stefan Koubek pou reprezante peyi-a kont Ostrali mwa pwochen. Anons sa a fèt malgre Koubek ap purje yon suspansyn 3 mwa akoz li te teste pozitif pou uzaj dròg pandan dewoulman tounwa tenis Roland Garos la. Kapitèn koup Davis la di li espere Federasyon Tenis Entènasyonal la ap redui sanksyon an pou pèmét Koubek jwe kont Ostrali.

Tennis

Arjanten Juan Ignacio Chela kale pou 2 zièm tou tounwa tenis Open Brezil la apre viktwa an 2 mach li ranpòte devan alman Lars Burgsmuller 6-4, 6-0. Espayòl Albert Costa ranpòte yon viktwa pa fòfè sou konpatriòt li Oscar Hernandez 7-6, 4-6. Hernandez abandone nan 3 zièm manch la.

XS
SM
MD
LG