Accessibility links

Breaking News

David Cameron Se Pwochen Premye Minis La Grand' Bretay


<!-- IMAGE -->


Nan Gran’ Bretay, lidè 2 pati (pati konsèvatè ak pati liberal la) ap travay pou yo fòme premye gouvènman kowalisyon peyi a depi 1945, kèk jou aprè yon eleksyon jeneral kote okenn pati pat rive ranpòte yon majorite klè nan palman an pou l fòme gouvènman an pou kont li.

Lidè pati konsèvatè a, David Cameron – ki fini kous la devan 2 rival li yo, premye minis demisyonè a, Gordon Brown, ak lidè pati liberal-demokrat la, Nick Clegg -- pale yè Madi a pou di li pral' pote-kole ak misye Clegg pou l' fòme gouvènman an, e li pwopoze pou lidè pati liberal-demokrat la okipe pòs vis-premye-minis la.

“Se pral yon travay difisil e dilere; Yon kowalisyon pral genyen divès kalte defi pou l' leve," selon deklarasyon David Cameron. "Sepandan, mwen panse ke, ansanm, n'ap kapab mete sou pye gouvènman fò e stab ke peyi-nou bezwen an. "

Bò kote pa l', premye minis sòtan Gordon Brown deklare li te byen renmen travay li.

<!-- IMAGE -->

Men kijan li te pale anvan li te kite biwo l' pou yon dènye fwa, pandan li te genyen bò kote l' madanm ni ak 2 pitit yo.

“Devan anpil defi nou te gen pou n' konfwonte nan kèk ane tou kout -- defi ki te gen ladan yo gwo kriz finansye mondyal la --mwen te toujou fè efò pou m' sèvi, pou m' fè tout sa m' kapab nan enterè La Grand’ Bretay, nan enterè prensip li ak pèp li," misye Brown deklare.

Gordon Brown, te remèt demisyon ni bay Rèn Elizabeth 2 nan fen jounen yè madi-a.

Lidè ki pral ranplase l la, David Cameron, genyen 43 zan; e se pi jèn premye-minis La Grand’ Bretay ap genyen nan 200 zan.

XS
SM
MD
LG