Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Britanik la Bay Demisyon'n


<!-- IMAGE -->


Apre anons la Madi devan biwo premye minis la nan vil Lond, Misye Brown t'al nan palè Buckingiham nan pou'l remèt lèt demisyon ni bay rèn Elizabeth.

Misye di demisyon li antanke chèf pati Travayis la efektiv imedyatman.

Mezi sila a fè pati Konsèvatè a tounen pati ki gen plis chans pou'l dirije pwochen gouvènman Grand' Bretay.

Konsèvatè yo ranpòte pi fò syèj nan eleksyon palmantè ki te dewoule semèn pase a, malgre yo pat ranpòte ase syèj pou dirije pouvwa a poukont yo. Se konsa pati konsèvatè a ap fè chita tande ak Liberal Demokrat yo sou yon plan kote yo ta pataje pouvwa a.

Anons Gordon Brown nan mete fen nan kontwòl pati Travayis la te genyen sou pouvwa a pandan 13 zan.

XS
SM
MD
LG