Accessibility links

Breaking News

Responsab Lavalas Nan Gonayiv la Byen Akeyi Lwa Eta Dijans la


Yon responsab Pati Lavalas nan Depatman Latibonit byen akeyi desizyon 2 chanm palman ayisyen an pou yo adopte pwolongasyon lwa dijans la.

Kenol Lorquet, kowodonatè Rasanbleman Militan Lavalas nan Gonayiv, kritike mouvman manifestasyon kap fèt nan kèk pwovens kont gouvènman ayisyen an aprè senatè ak depite yo apwouve lwa eta dijans modifye a. Responsab Lavalas la voye jete tou mouvman mobilizasyon sèten sektè lanse kont prezidan ayisyen an, René Préval.

Misye Lorquet ankouraje efò kominote entènasyonal la ap deplwaye nan kad rekonstriksyon peyi Dayiti apre tranblemann'tè 12 janvye a.

"Mouvman sa a, pap mennen peyi Dayiti pyès kote," misye Lorquet deklare. "Lè yo di sa, se kraze vil la, kraze peyi a, se yon lòt siklòn, se yon lòt seyism, on lòt dram, yon lòt fwa ankò nan peyi sa a."

Depi kòmansman semèn pase Òganizasyon Pèp ki pap Dòmi nan Site Endepandans la mete sou pye manifestasyon ak 'sit in' pou pwoteste kont adopsyon lwa dijans la. Yo tou pwofite mande depa chèf leta ayisyen an ki, dapre yo, ap mal dirije peyi Dayiti depi dat 12 janvye a.

XS
SM
MD
LG