Accessibility links

Breaking News

Nasyonzini Ak Gouvènman Ayisyen Lanse Yon Nouvo Sit Entènèt 


<!-- IMAGE -->

Nasyonzini ak gouvènman peyi Dayiti--nasyon ki sòt viktim yon gwo trablemann'tè--lanse yon nouvo sit entènèt pou moun ka swiv fason responsab yo ap dekese e depans fon $9 milya epik peyi donatè yo te pwomèt Ayiti nan konferans entènasyonal mwa pase a nan katye jeneral oganizasyon mondyal la nan New-York.

Nasyonzini pibliye yon deklarasyon jedi 22 avril la pou di nouvo sit entènèt la pral ede nasyon ak bayè fon kenbe pwomès yo te fè nan konferans lan.
Youn nan koodonatè pwogram Nasyonzini an, Nigel Fisher fè konnen, responsab yo wè nan zouti sa a (donk sit entènèt la) yon eleman enpòtan e fondalnatal nan mouvman rekonstriksyon Ayiti a. Responsab l’ONU an presize nouvo sit la ap kalme kè sote kominote entènasyonal la sou fason fon yo ap depanse, kiyès kap fè depans yo, kouman e pou ki pwojè.

L'ONU di adrès sit la se : www.refondation.ht. Gras ak li, jounalis ayisyen kou etranje ap gen yon lide sou fason gouvènman an ap itilize fon li resevwa yo.

XS
SM
MD
LG