Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Kontinye Tonbe Sou Lwa Eta Dijans la



Reyaksyon pa sIspann tonbe apre Palman ayisyen an fin vote lwa sou eta dijans la, ki bay pouvwa egzekitif la kèk pouvwa Konstitisyon an prevwa nan sèten ka èksepsyonèl sèlman.

Evans Paul, lidè kowalisyon Altènativ ki reyini twa pati politik: KID (Komite Inite Demokratik), OPL (Oganizasyon Pèp k'ap Lite) avèk Fizyon te bay opinyon pa li nan yon entèvyou ak Vwadlamerik.

"Nou gen yon dezakò avek lwa a paske premyèman li pa kadre avèk Konstitisyon an (Konstitisyon an pa prevwa eta dijans menm si te deja gen yon lwa sou eta dijans ke yo te vote an 2008)," Evans Paul presize. "Dezyèman, lwa a pran nan yon kontèks ki kite anpil sispisyon politik -- etandone ke Misye Preval rete anviwon 10 mwa pou l' ta fè sou pouvwa a e lwa a prevwa yon dire 18 mwa. Alòs, dekalaj sa a fè anpil moun sispèk ke Misye Preval, swa li vle tire yon avantaj sou pouvwa a menm si l' pa la, swa li vle angaje peyi a menm si li pa prezidan ankò."

Men se pa reyaksyon negatif sèlman ki tonbe apre Palman ayisyen an fin apwouve lwa sou eta dijans la.

Patrick Domond, ki Depite Jacmel, kritike pozisyon manm sosyete sivil la, lidè politik ak ansyen kolèg palmantè l' yo, sou pwolongasyon pou 18 mwa lwa modifye eta dijans la ke 2 chanm yo apwouve a. Se yon lwa, dapre palmantè a, ki pral fasilite popilasyon an benefisye anpil sèvis andedan peyi a nan kad rekonstriksyon peyi dAyiti.

Depite Patrick Domond konsidere lwa sa a kòm pi gwo lwa palmantè yo rive vote pandan 4 dènye ane ki sot pase la yo.

"Pèsonn jodia paka frape lestomak yo -- ke se swa palmantè ki nan opozisyon nan chanm nan, ke se swa lidè politik yo -- pèsonn paka deklare lwa a konstitisyonèl, se sèlman yon desizyon jistis, se sèlman yon desizyon kou konstitisyonèl ki ta kapab atake lwa sa a pou swadizan enkonstitisyonalite li." Se deklarasyon Depite Domond.

XS
SM
MD
LG