Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Lwa Dijans lan Pwovoke Reyaksyon Depaman nan Peyi a


Lwa Eta Dijans Palman ayisyen an sòt' apwouve a pwovoke divès reyaksyon, tanto pozitif tanto negatif swivan "credo" politik e ideolojik moun yo... ou suivan si yo nan opozisyon oubyen aliye pouvwa ki nan Pòtoprens lan.

Ansyen senatè Wesner Emmanuel pa vire lang nan bouch li ni kache endiyasyon li dimanch pou'l kritike Gran Kò a ki vote dokiman an semèn pase e ki kore avèk desizyon sa a vòt chanm depite a te fè kèk jou anvan.

Men, Lwa Eta Dijans gen sipòtè li tou nan kèk sektè... e pafwa nan sektè petèt anpil obsèvatè pa ta panse, tankou pa egzanp bò kote koòdonatè Rasanbleman Militan Pati Fanmi Lavalas nan vil Gonaives ki apiye vòt 2 chanm yo. Mr. Lorquet Kenol voye jete apèl sèten lidè ki mande popilasyon an mobilize pou "denonse lwa a".

Pozisyon misye Kenol la sanble dirije kont gwoupman "Òganizasyon Pèp ki Pap dòmi" ki mete sou pye yon mouvman mobilizasyon kont lejislasyon an e k'ap reklame demisyon Prezidan René Préval.

NB: Pou devlopman pwen sa yo avèk korespondan nou yo e koute lòt nouvèl ki nan aktyalite a fè yon klik sou ralonj ki anwo e adwat paj wèb sa a.

XS
SM
MD
LG