Accessibility links

Breaking News

Manm Lavalas Nan Boston Vle Mete Fen Nan Divizyon Kap Trakase Pati a


<!-- IMAGE -->


Vil Boston sot akeyi yon rasanbleman manm Fanmi Lavalas ki pran angajman nan okazyon an pou yo mete fen nan divizyon nan mitan pati a.

Patizan Fanmi Lavalas ki soti toupatou nan diaspora a te òganize pandan wikenn nan yon dine rekonsilyasyon nan vil Boston. Dapre sa yo di, sete yon moman dou pou tout Lavalasyen ki gen 15 a 20 an depi yo pa rankontre, pou yo te chita ansanm pou pran desizyon nan enterè pati a, epi pou divizyon sispann nan mitan yo.

Kowòdonatè jeneral pati a, Jean-Claude Saint Germain di, fwa sa a se tout bon, kidonk yo pap janm divize ankò.

"Pou'm te anpeche Fanmi Lavalas la kraze an miyèt mòsso, mwen te aksepte fè sakrifis sa a... pou'm kreye yon stabilite ak inite dirab nan fanmi an," Msye Saint Germain eksplike. "Aswè a mwen kontan pou'm di nou ini a jamè."

James Derosnay yon ansyen depite Lavalas kap viv nan eta Nouyok e ki te patisipe nan rasanbleman an te tou pwofite mande Ayisyen nan diaspora a pou yo kontinye lonje la men bay viktim tranblemann'tè 12 Janvye yo.

Klike sou lyen ki anlè e adwat atik la pou w koute yon repòtaj korespondan nou nan Boston, Wilson Dubuisson.

XS
SM
MD
LG