Accessibility links

Breaking News

Daniel Supplice: Li Enpòtan Pou Eleksyon Dewoule ann Ayiti Ane Sa a


<!-- IMAGE -->


Responsab politik ayisyen Daniel Supplice fè konnen li enpòtan pou peyi dAyiti gen eleksyon ane sa a pou yon nouvo gouvènman ka antre an fonksyon nan ane 2011.

Sepandan, Msye Supplice mande pou Prezidan Repiblik la, René Préval antre an negosyasyon prese-prese avèk klas politik opozisyon an pou jwenn yon konsansis sou dosye fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a.

Msye Supplice fè konnen KEP ki la a se yon KEP ki pa kredib akoz de plizyè eleksyon li òganize ki pa bon.

Pou Daniel Supplice, li enpòtan pou prezidan an pale ak opozisyon an pou jwenn yon solisyon pou pwoblèm KEP a.

Selon pwofesè a, li enpòtan pou eleksyon sa yo dewoule nan peyi a pou konsolidasyon enstitisyon demokratik yo.

Msye fè konnen prezidan an ap jwe yon gwo wòl nan kad eleksyon sa yo paske se dènye fwa lap ranpli wòl prezidan peyi a, e se yon nesesite pou'l fini manda l la demokratikman.

XS
SM
MD
LG