Accessibility links

Breaking News

Sena Ayisyen an Ranvwaye Vòt Pwojè Lwa Eta Dijans la


Biwo chanm Sena ayisyen an ranvwaye vòt sou pwojè lwa eta dijans la madi akoz kowòm (quorum).
13 senatè ki fòme sa yo rele blòk 13 la--yon blòk opozisyon--te prezan, sepandan yo te prefere patisipe nan yon manfiestasyon plizye lidè politik te mete sou pye devan lokal pwovizwa palman an pou di “non” kont pwojè lwa eta dijans la.
Chanm depite a deja vote dokiman an. Nan jou kap vini yo, Biwo chanm Sena a gen pou l anonse yon dat pou yon nouvo vòt sou pwojè lwa eta dijans la.

XS
SM
MD
LG