Accessibility links

Breaking News

Chofè Taksi Ayisyen Nan Miami Mande Plis Respè Nan Men Responsab Lokal yo


Ayisyen te kòmanse ap rive nan eta Florid depi fen ane 70 ak koumansman ane 80 yo. Depi lè sa a, Ayisyen ap entegre e opere nan sistèm ameriken an. Plis ke 30 an apre dènye resansman ane 2000 la, dapre kèk estimasyon gen plis pase 250,000 Ayisyen k'ap viv nan Fort Lauderdale, Palm Beach ak Miami-Dade. Men sèten lidè ayisyen di gen plis pase sa.

Yon nouvo resansman k'ap dewoule ane sa (2010) kapab vinn petèt vinn tranche deba a avèk plis presizyon.

Jounen jodia, nou jwenn imigran ayisyen nan tout sektè aktivite ekonomik vil Miami. Men youn nan sektè yo plis okipe se endistri transpò piblik la, an patikilye biznis taksi a. Asosyasyon Chofè Taksi lokal la fè konnen apepre 80 pousan nan chofè li yo se Ayisyen--fanm kou gason. Kòman yo oganize fonksyonman yo?

Pou nou konnen plis sou aktivite chofè taksi a nan Miami, nou te chita pale ak manm Asosyasyon Chofè Taksi ayisyen yo: New Vision Taxi Drivers of Miami, Inc. Yo te kreye li nan mwad jen 2003.

Envite nou yo: Enjenyè Raymond François, se administratè asosyasyon an; Wildy Sam, direktè asosyasyon an epi Salomon Cénor, yon chofè taksi ki gen 28 an Ozetazini

Enjenyè Raymond François deklare "chofè taksi yo se "anbasadè nan vil la". Li di yo sèvi gid pou touris kap vizite metwopòl Miami an.

Wildy Sam ajoute "nou gen yon fasilite akèy".
Misye di lè pasaje yo vle konnen ki kote yo ka ale nan vil la -- kit se restoran, night-club, elatriye. se li yo mande.

Salomon Cénor, limenm, di "lè ou pèdi se chofè taksi a ou chèche." Misye ajoute, chofè taksi se youn nan 3 pwofesyon moun pi fè konfyans. 2 lòt yo, dapre li, se: faktè ak ajan polis.

Anvan pou yon moun jwenn pèmi pou'l egzèse aktivite chofè taksi fòk yo fè yon tchèk nan pase li. Fòk se yon moun ki kredib e fòk pasaje a santi'l an sekirite lè l'ap monte desann avèk chofè a.

"Taksi a se youn nan metye pi onèt yon kanmarad kapab antreprann," Wildy Sam di. Men li di " se nou menm yo eseye maltrete pi plis."
Nan ki sans?

Asosyasyon chofè taksi a di gen yon seri règleman "commissioner" vil la mete anplas (setadi, asesè meri vil la) ki rann lavi yo difisil.

Youn nan règleman sa yo se yon kat ki pèmèt yon chofè peye dwa peyaj sou otowout yo gras ak yon kont li tabli nan depatman otomobil eta a. Kat sa a rele "Sun Pass".
Nadia Pierre, se pòtpawol majistra vil Miami-Dade la, Carlos Alvarez. Se li ki lyezon ant kominote ayisyen an ak biwo majistra a.

Madan Pierre dekri pwofesyon taksi a tankou "yon aktivite pwofesyonèl." Yo konsidere chak chofè tankou yon pwofesyonèl e gen anpil règlemantasyon ki mache avèk sa. Kanta pou kesyon "Sun Pass" la, madan Pierre di yo pwopoze pou chak chofè genyen'l e se yon lide yo te lanse depi ane 2006.

Eske'w te konnen?
Gen 6,000 chofè aktif
Gen 4,000 chofè ki pa aktif
65% ou plis se Ayisyen
Nan kè sezon touris Miami a (Desanm - Me) yo touche ant $ 600-$700 pa semèn

Raymond François presize se an 2005 demach la te fèt e "se malere pou Nadia prezante yon bagay konsa." Asosyasyon chofè taksi a ta vle pou "Sun Pass" se yon opsyon paske li koute chè... e lè se plizyè chofè kap kondi menm taksi a sa rann bagay yo pi difisil toujou.

"Gouvènè Jeb Bush te di Sun Pass la se yon opsyon", dapre Wildy Sam--yon chofè taksi. "Nou la pou nou goumen, pou n' fè sistèm nan avanse, chanje sistèm nan. Pwofesyon an ta dwe yon pwofesyon yo respekte."

Apre tranbleman de tè 12 Janvye a nan peyi Dayiti, chofè taksi yo te mobilize pou kolekte lajan e yo renmèt fon yo ranmase yo bay Fondasyon ansyen prezidan ameriken Bill Clinton/George W. Bush la (Fondasyon Clinton-Bush).

Raymond François fè remake "tout chofè yo gen fanmi Ayiti".

Salomon Cénor ajoute: "Nou sipote moun yo. Nou ede anpil fanmi". "Nou reprezante yon 'kat ATM' (kat pou tire lajan la bank) pou pèp ayisyen an," Wildy Sam li menm siyale.

Misye François di yo ta renmen fè plis efò toujou pou ede Ayiti--sitou moun kap viv anba tant yo.

"Fomil pou antre lajan rapid la la, men fomil pou voye lajan an pa fasil," Misye di.

Asosyasyon chofè taksi New Vision Taxi Drivers Inc. di li espere nan lavni li va gen pi bon relasyon avèk "Commissioner" yo. Pou kounye a, mesye yo di yo santi se kòmkidire "eksplwate y'ap eksplwate chofè taksi yo." nan Miami

XS
SM
MD
LG