Accessibility links

Breaking News

Eske Gen Kontrebann Tant Ann Ayiti?


Depi kèk jou, anpil moun ki pale ak laprès nan site-tant yo plenyen pou di gen kontrebann k’ap fèt ak tant otorite yo sipoze distribye gratis bay popilasyon sinistre a.

Se pa premye akizasyon konsa sinistre yo lanse nan pwogram Lib Tribin Vwad'lamerik yo, an patikilye nan edisyon 14 Avril la kote yon patisipan kap viv nan yon kan nan vil Kwa dè Boukè deklare :"Si'w pa nan gouvènman an ou pap jwenn anyen". Li dekri jefò li pou jwenn tant pou l' rete ak 2 timoun li yo tankou yon batay ant "pòt an bwa ak pot fè... e pòt an bwa pa goumen ak pòt an fè, li di".

Sepandan, hyon manm gouvènman ayisyen an ki tap patisipe nan menm pwogram nan, anpalan Sekretè d'Eta alfabetizasyon Carol Joseph, pat’ mete dlo nan bouch li pou li demanti akizasyon ki vle fè kwè gouvènman an enplike nan move biznis vann tant ki dwe al’ jwenn sinistre yo.

"Fè m' jwenn dosye a, m'ap fè arete'l," misye Joseph deklare.

"Nou paka anpeche rakèt fèt," misye Joseph presize. Minis Joseph presize "kowòdinasyon pou tant ak asistans umanitè anfavè sinistre yo se yon bagay ki fèt ant gouvènman an ak ganizasyon Non Gouvènmantal yo (ONG).

XS
SM
MD
LG