Accessibility links

Breaking News

Chanm Depite Ayisyen an Apwouve Lwa Ijans La


Omdafè Charles Henri Baker, lidè pati politik Respè di li regrèt palman ayisyen an adopte Pwojè Lwa ijans prezidan Préval reklame branch lejislatif la pou l' kapab genyen plis pouvwa pou l' pran desizyon ki genyen rapò ak reyabilitasyon e ak rekonstriksyon Ayiti. Misye Baker di, "si Sena ayisyen an vote menm jan ak chanm depite a sa pral' louvri pòt pou misye Préval sèvi ak lwa sa a pou’l bay tout zanmi li favè”. Bò kote pa li, ansyen senatè ayisyen e ekspè nan domèn dwa konstitisyonèl, Samuel Madistin, fè konnen ratifikasyon pwojè lwa sa a kapab gen enpak negatif sou stabilite politik Ayiti. Mesye Madistin tou pwofite kritike palmantè ki ta dakò pou gouvènman an mete konstitusyon sou kote pou yon ti bout tan. Men prezidan Chanm depite a, Levaillant Louis-Jeune, demanti akizasyon sa yo e li fè konnen vòt jedi swa a se yon viktwa pou reskape ak viktim tranbleman'ntè a.

Pou nou tande reyaksyon sa yo, fè yon klik sou ralonj ki anwo e adwat paj wèb la.

XS
SM
MD
LG