Yon gwoup manisfestan ki reuni plizye sektè mande depa Prezidan Rene Preval akoz sutou pwojè lwa sou eta durjans-la.
Plizyè dizèn manifestan ki te gen nan tèt yo reprezantan kèk pati politik ak dirijan kèk pati popilè, manifeste devan katedral Okay la yon fason pou di aba lwa durjans la ak Prezidan Rene Garcia Preval. Misye Anthony se youn nan lidè politik ki te prezan nan mouvman leve kanpe sa a.
"Nou pa kapab ak Preval anko, Preval ale two lwen," misye deklare. "Lè Preval kraze peyi a nan nivo sa a, le'w imajine ke Preval gaspiye $187 milyon, avèk palmantè volè ou wè sak fèt koulye la a kounyea misye al two lwen."
Manifestasyon sa a te abouti nan yon aksyon de gras an memwa viktim 12 Janvye 2010 yo.