Plizyè lidè ap ankouraje Sena-a pou-l fè mènm jan ak Chanm Depute-a pou'l vote an favè lwa durjans-la pou yo ka debloke fon pou travay rekonstruksyon peyi-a demare.
Prezidan Chanm Komès ak Endustri Ayiti-a, Dr. Reginald Boulos mande pou senatè yo vote lwa durjans la ki pral pèmèt yo kreye komisyon enterimè ki pral jere jefo rekonstruksyon an nan peyi d'Ayiti. Selon Reginald Boulos li enpotan pou lwa sa a vote apre chanm depute a te vote lwa sa a semèn pase a. Doktè Reginald Boulos fè konnen ke gen kèk ti pwoblèm avèk lwa a, men li di ke li enpotan pou lwa sa a ka vote pou ke yo kapab dekese fon pou benefis pèp Ayisyen an.
"M'ap di'w ke mwen gen rezèvasyon serye pa rapo ak lwa eta durjans la jan Prezidan Preval prezante'l la, se pa fomul mwen ta chwazi -- malgre ke'm apwouve a 100 pousan konstitusyon komisyon enterimè a," doktè Boulos deklare.