Accessibility links

Breaking News

Obama Rann Omaj A Defun Prezidan Polonè a Pandan Rankont o Somè Nikleyè a


Prezidan Ameriken an ak lot lidè mondyal yo te fe yon poz Madi pou rann omaj a Lech Kaczynski ak manm delegasyon li an ki mouri nan yon aksidan avyon semèn pase a.

Somè Nikleyè 2 jou Prezidan Barack Obama òganize nan kapital federal Ameriken an, Washington D.C, ap bout Madi 13 Avril la.

Objektif rankont sa a: anpeche materyo nikleyè tonbe nan men teworis yo.
47 peyi kap patisipe nan rasanbleman an dwe pibliye yon deklarasyon konjwen kote yo pral pran angajman pou yo asire sekirite materyo nikleyè yo pandan 4 pwochen ane yo.

Espesyalis yo di nan lemond genyen materyo nikleyè “hautement enrichi” pou fabrike omwen 120 mil zam atomik e yo eksprime kè sote yo pou materyo sa yo pa tonbe nan men teworis yo.

Anvan dine ofisyèl li bay Lendi swa pou patisipan yo , prezidan Obama te akeyi pèsonèlman delegasyon chak peyi ki vinn pran pa nan somè a. Misye Obama te pale ak prezidan chinwa a, Hu Jintao ki aksepte ogmante presyon an sou Iran pou Téhéran abandonen aktivite nikleyè li yo.

La Chine jiskaprezan te yon jan renka pou l’ mete plis sanksyon sou Repiblik Islamik la.

John Brennan, ki se asistan prezidan Barack Obama sou kesyon kont teworism ak sekirite enteryè, deklare menas nikleyè a reyèl e lap vinn pi gwo, malgre pa genyen endikasyon ki montre Al-Qaida posede zam nikleyè, li di Lèzetazini dwe pran tout mezi ki nesesè pou asire ke rezo teworis la pa janm gen kalte zam sa-a nan men li.

Misye Brennan di “mwen detèmine pou n’ asire ke yo pap janm kapab posede kapasite sa a. E meyè mwayen pou n’ fè sa (pandan nap kontinye diminye e detwi Al-Qaida) se elimine opòtinite yo kapab genyen pou yo jwenn materyo fisil, uranyòm “hautement anrichi” ou pou yo separe plutonyòm… ou ankò pou yo jwenn teknoloji ki nesesè pou yo itilize
materyo fisil sa a pou fabrike yon zanm atomik.

Pou anpeche jisteman materyo nikleyè tonbe nan men teworis yo, la Mezon Blanch anonse li siyen yon akò avèk Repiblik Ukraine kote ansyen repiblik sovietik la pran angajman pou l’ elimine asnal uranyòm anrichi li disi pwochen somè nikleyè 2012 la. Men Ukraine angajman pou l’ elimine yon bon pati nan stòk uranyòm anrichi-li anvan fen ane sa-a.

Pòtpawòl mezon Blanch-lan, Robert Gibbs, di se yon objektif Lèzetazini ap pousuiv depi plis pase 10 zan.

Lè jounalis te mande misye Gibbs ki sa prezidan Obama ta renmen wè sòti nan Somè a, li reponn:

“Genyen anpil wòl peyi ki reprezante yo kapab jwe. Yon lòt fwa ankò, map di sèten genyen lakay-yo urnayòm 'rich anpil' ke nap chèche mete an sekirite; genyen zòt ki kapab jwe ede wè kouman nou kapab sekirize yo. Genyen lòt ki kapab jwe yon wòl nan entèdiksyon kalte materyo sa yo sizoka yo kite materyo-yo nan stad yo ye-a," misye Gibbs deklare.

Somè sa ap dewoule san prezans Iran, kore Di Nò ak Siri --3 nasyon peyi oksidantal-yo kritike pou swazidan pwogram nikleyè y’ap pousib lakay yo --paske Lèzetazini pat voye envitasyon ba yo.

XS
SM
MD
LG