Accessibility links

Breaking News

Lidè Mondyal yo Reyuni Nan Washington Pou Yon Somè Nikleyè



Lidè le mond antye reyuni nan Washington DC pou yon somé entènasyonal sou developman yon strateji mondyal pou pa kite zam nikleyè tonbe nan men teroris-yo.

Prezidan Etazuni-an, Barack Obama ki ap louvri 2 jou somè sa-a aswè-a di Teroris ki jwen materiel nikleyè tap tounen sèl pi gwo menas pou sekirite Etazuni.

Msye Obama di jounalis-yo yè Dimanch-la ke oganizasyon teroris tankou al-Qaida ap eseye mete men sou zam nikleyè e si yo reyusi, sa ka chanje sekirite mondyal-la pou plizyé ane kap vini-yo. Li di teroris-yo pa tap janm ezite utilize zam sa-yo.

XS
SM
MD
LG