3 mwa apre tranbleman de tè 12 Janvye ki te frape peyi D'Ayiti, Univèsite George Washington òganize yon konferans sou Edukasyon, Sante ak Rekonstruksyon.
Premyè dam Ayisyèn nan, Madam Elisabeth Debrosse Préval, te fè yon prezantasyon sou eta mantal ti mounn an bazaj apre tranbleman de tè-a. Madan Preval pale avek Lavwadlamerik sou “Plas Timoun” yon pwogram li mete sou pye pou reponn a pwoblèm psiko-sosyal ti mounn piti-yo Anayiti.
"Puiske mwenmen pèsonèlman mwen gen yon enterè nan sa yo rele 'petite enfance', e urjans ki genyen kounyela a apre tranbleman de tè a nou reponn a eta e sityasyon... eta mantal timoun yo ki Anayiti -- toujou ann eta de chok pa rapo a sèn orifyant ke yo wè suit a tranbleman de tè a," Madan Preval di nan yon entevyou ak Lavwadlamerik.